Nòdwès ensekirite: yon endividi tonbe anba yon latriye kout kouto

3,160

04/18/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Dimanch 17 avril 2022, vè 8è nan aswè, Jean Charles Luckenson, 27 lane, elèv NSIV Enstitisyon Henri Christophe nan vil Pòdpè, mouri anba divès kout kouto, selon deklarasyon Jij Paul Blanc ki te fè konsta legal yo, avan li te bay fanmiy an lòd pou leve kò a.

Konsa, chèf lòd yo arive prosede ak arestasyon se konkibin defen an ki rele Sterline Jean Louis paske nan esplikasyon ke li tap bay, li tap boukante lapawòl. Kidonk, li ta fè kwè, misye tap rele anmwey nan moman li tap soti nan zòn Nan Aman; konsa, Sterline deklare ke li pa genyen pou wè ak sa.

Selon yon pwòch Luckenson, malgre fi a gen yon ti moun ak defen an, konpòtman li parèt sispèk. Ke Lajistis fè tout sak nesesè pou bay yo jistis, daprè yon vwazinaj ki te nan mitan dràm nan ki pase Ri Mòpa nan site Kapwà Lamò a.

Konsta yo montre, depi yon bon bout tan moun pa sispan tonbe ou atake nan vil la. To ensekirite a ap moute balkon chak jou ki jou; konsa, depi li fè 8è – 9è nan aswè bandi sangwen ap opera nan fouye moun pasi pala.


Comments are closed.