Divès manman kap vann anba mache kominal Tigwav la, drese yon tablo sonm sou sitiyasyon manman yo nan okazyon fèt yo.

892


05 – 26 – 2024


Tigwav Ayiti ___(TRiboLAND) Plizyè manman kap vann anba mache kominal Tigwav la, drese yon tablo sonm sou sitiyasyon ou kondisyon vi manman yo nan komin Tigwav, nan okazyon fèt yo.

Nan yon mikwo twotwa repòtè TRiboLAND reyalize pandan samdi 25 me a ak ti machan’n yo anba mache kominal la, yo pwofite okazyon fèt manman an, pou denonse soufrans, move lavi, yap andire nan komin Tigwav ki twouve li nan rès depatman lwès la peyi Dayiti.

Pou kalite manman sa yo, fèt la disparèt nan peyi a, okenn moun paka pale de fèt manman depi lè ekip moun tèt san cheve PHTK yo, bandi legal yo pran tèt peyi a an notaj, nan enstale gang, kidnape moun, touye moun, e vyole fanm ak tifi. Yo boule kay sitwayen yo e fòse yo kouri ak timoun sou bra yo, malèt sou tèt yo san yo pa konnen ki kote yo pral refije yo.

Toutfwa, ansanm manman sa yo kwè, se lè ekip PHTK ak bandi legal yo derasinen nèt nan peyi a, manman pral kapab fete paske daprè yo moun pa konn fete nan mizè, grangou, ensekirite ak kè pa kontan elatriye. Yo pwofite voye fòs ak kouraj bay tout lòt manman kap pase tray, mizè tout kalite nan peyi a, genyen yon jou lap jou!

Comments are closed.