Yon nèg 40 lane arive trangle manman li nan lokalite Dchan, nan peyi Kamewounn

01 – 11 – 2025
Yawonnde, Kamewoun_____(TRiboLAND) Yon nonm ki genyen 40 lane arive etrangle pwòp manman li nan depatman Menwà, lokalite Dechan nan peyi Kamewounn.
Nouvèl ki difize sou Équinoxe Télévision, konfime ke poulen an touye manman li ki te refize ba li 5000F. Li arive trangle gramoun nan avèk raj; konsa, lè li remake ke manman an pa kapab revni, li kouri alète vwazinay yo, ki osito yo te rive, se obsève manman an malerezman ki tap trepase.
Apwè anpil presyon “bwa kale”, akize a te avwe krim lan. Konsa, yo fòse li antere manman li pou kont li. Anplis pèp souvren ki ta tante pweskri koupab la “bwa kale”, te jwen anpèchman bò kote kèk jandam nasyonal. Selon kèk sous medyatik, pwezime kriminèl la te deja pran nan angrenay lajistis e fè prizon nan Yawonnde.






