Direksyon depatmantal sanitè Grandans, òganize 3 jounen atelye sou chanjman klimatik ,e enpak anviwomantal santè.

1,009

11- 26 – 2023

Jeremi, Ayiti____( TRiboLAND) Soti jedi 23 novanm pou bout 25 novanm 2023 a, Direksyon depatmantal ministè sante piblik e popilasyon, ak sipò oganizasyon mondyàl lasante (OMS) te òganize 3 jounen atelye travay, sou chanjman klimatik ak sou sante; yon gwo sòlòkòtò ki realize ak patisipasyon diferan sektè nan leta a, kou nan sosyete sivil lan.

Objektif atelye twa jounen bwase lide sa yo, se idantifye enpak sanitè diferan klima yo, yon fason pou evalye degre vilnerabilite ak kapasite adaptasyon kominote yo, anka katastròf natirèl, e ki mezi prevansyon ke yo dwe pwan.

Sete okazyon egalman, pou patisipan yo te fè rekomandasyon bay responsab sante a, doktè Angello Duvelson, pou Grandans jwenn atravè Pwogram “Fon Vè a” mwayen finansyè, kap pemèt depatman an, benefisye gwo pwojè enfwastrikti sanitè, pou fè fas kare ak tout risk katastwòf natirèl. ‎

Comments are closed.