Vyolans nan Lwès: Katye Solino kontinye ap resevwa gwo atak kout zam gang sangwen

989

11-23-2023

Katye Solino anba gwo atak nèg sangwen ame Belè jounen mèkredi 22 novanm 2023 a. Selon enfo yo, nèg sangwen ap boukante kout zam nan objektif pou genyen kontwòl Solino ki ofwi anpil avantaj estratejik pou aktivite gang yo.

San genyen plizyè mwa depi zam ap chante e kreye gwo panik nan Katye Solino; alòske mouvman pote kole fòs lòd yo pou mete dlo nan diven kriminèl yo pa janm arive materialize.

Nan katchouboumbe Solino yo, genyen 2 moun ki blese pou pi piti nan mitan popilasyon an ki pa sispann ap moute ma swife anba latèrè gang sangwen nan depatman wès peyi a.

Comments are closed.