Kolera LONI: 5 moun mouri sispèk nan kolera, alòske yon 30 èn lòt enfekte nan 7èm seksyon Platon kominal Tigwav.

884

09 – 07 – 2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) 5 moun mouri sispèk nan kolera LONI an, e yon 30 tèn lòt enfekte, kouche ap resevwa swen ka yo nesesite nan swadizan yon sante nan 8èm seksyon. Selon kòdonatè kazèk 7èm seksyon Platon kominal Tigwav la, Petion Franckèl ki anonse nouvèl la nan kad yon entèvyou li akòde jounalis jounen mèkredi 6 sektanm 2023 a.

Kazèk la presize, viktim yo soti nan 2 abitasyon Kajako ak Nan Palmis. Petion Franckèl esplike, se gwo lapli kap tonbe dènye jou sa yo san rete, mete sou move dlo li di peyizan yo ap bwè ki lakoz yap trape mikwòb kolera LONI an, pa bann ak pa pakèk.

Toutfwa, ala tèt 7èm seksyon an, Petion Franckel lanse yon kri detrès bay leta ayisyen atravè ministè sante piblik ak popilasyon santral ak lokal, pou mete yon sant tretman kolera nan seksyon an, yon fason pou soulaje soufwans peyizan yo epi mande responsab UCS rejyon gwavyèn yo pou voye teknisyen al dekontaminen kay moun ki enfekte yo; konsa, sa ap evite plis abitan viktim anba grif nan epidemi LONI kite nan peyi Dayiti a.

Nap siyale, administratè seksyon an, Petion Franckèl entèdi fanmi moun ki mouri nan kolera LONI an, òganize veye ni chante antèman, pou evite kontaminasyon.

Comments are closed.