Prizonye yo nan prizon sivil Pòdpè a ap konnen lavi difisil akòz grangou k ap taye banda nan prizon sivil sila.

983

11-14-2023

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Komisè gouvènman pakè Pòdpè a, Mèt Félix Applys, pa ezite nan weekend ki sot pase a, jwe wòl majòjon nan klèwonnen gwo malè pandye k ap paweze sou tèt prizonye yo nan prizon sivil Pòdpè a, lèl deklare :” Prizonye yo riske mouri pil sou pil ak lafen grangou, si pa gen manje ki rantre nan jou kap vini la a”.

Chèf Pakè Pòdpè a, fè deklarasyon sa a, se apre yon vizit ki te dire plis pase 3h tan nan prizon sivil Pòdpè a. Pou komisè gouvènman an, pwoblèm manje prizonye yo se yon grav pwoblèm, lèl aprann estòk manje yo sanse fin deja epwize.

Kòm prensipal responsab, komisè gouvènman an Mèt Félix Applys, lanse yon apèl prese, prese, ak tout moun ki konn abitye voye kichòy nan prizon sivil la kapab kontinye fè jefò ak yo pou yon ti lasibab.

Annatandan lòt enstans yo, #1 pakè Pòdpè a fè konnen, nan tèt kole ak sibtiti komisè Jeir Pierre, yo pral fè bwas bò kote “Food for the Poor” pou wè nan ki nivo yo kapab jwen yon peze kè.

Comments are closed.