Gwo koure yo nan Tibwadòm kidnape yon lòt fwa ankò, yon otobis Remito ki asire trajè Pòdpè ak kapital peyi Dayiti a

923

11-11-2023

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Aktivite gang yo nan depatman Nòdwès la, kontinye ap simaye laperèz sou wout Nasyonal # 8 la, nan nivo Tibwadòm ak nan vil Pòdpè. Jounen samdi 11 novanm 2023 a, gwo koure yo nan Tibwadòm ki pa deside bay popilasyon an chans pou vakye ak okipasyon yo, kidnape yon lòt fwa ankò, yon otobis Remito ki asire trajè Pòtoprens – Pòdpè.

Dapwè enfòmasyon ki ta rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, gwo koure sa yo rive poze lapat sou otobis sila, se nan moman yo tap sòti Pòtopwens pou rantre Pòdpè nan entèval 9h-10h am, ak tout sa yo te pote.

N ap raplew, entèvansyon lapolis te efekrye nan sèmen ki sot pase a, nan zòn Tibwadòm, pat pote okenn rezilta. Pou anpil moun, se yon entèvansyon ki ta sanble vin makiye gang lan, epi ba yo plis jarèt.

Comments are closed.