Vesline Saint-Fleur ki te kidnape nan dat vandredi 10 novanm 2023 a nan vil Pòdpè, finalman jwenn liberasyon li.

954

11-11-23

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Endividi pèsòn pa rive idantifye ki te kidnape epi pote ale, Vesline Saint-Fleur devan sikisal BNC a nan vil Pòdpè, finalman jwenn liberasyon li kont ranson, ayè vandredi 10 novanm 2023 a.

Yon nouvèl ke pèsòn pa ta kwè, lage plizyè manm nan sosyete a ak medya lokal yo nan gwo refleksyon pou chèche konnen, kòman yon parèy derespektan arive pwodui nan site Kapwa Lamò a.

Konsa, enfòmasyon ki rive jwenn TRiboLAND ta fè kwè, nan moman zak kidnapping nan, endividi yo ta pral bwote Vesline Saint-Fleur pou rantre nan depatman Nò peyi Dayiti avè’l, patikilyèman nan komin Lenbe; e aprè anpil negosyasyon li jwenn liberasyon li kont yon ti magogo lajan.

Comments are closed.