Vil Okap sekwe avèk prezans yon zonbi ki pote non Stephanie ki te mouri 2 out 2023 pase a

963

11-12-2023

 Okap, Ayiti______(TRiboLAND) Pandan dènyè 24 èd tan yo, yon zonbi ap fè gwo aktiyalite nan vil Okap. Stephanie ki te mouri 2 out 2023 a, soti nan lamò e li retrouve li lakay mari li ki rele Berthony Pierre-Louisaprè anpil temwanyaj ak konsta legal yo.

Enfòmasyon ke TRiboLAND kapab fè konfyans, fè eta de yon latriye revelasyon ki sètifye ke Stephanie te mouri 2 out pase e li te antere 12 out 2023, apwè li te pase plizyè jou nan mòg Madan Pentad ki lokalize nan Ri LM, nan vil Kap Ayisyen.

Antouka, selon deklarasyon Berthony ta fè bay otorite lokal yo, li wè yon moun tankou yon moun fou nan Ri 14L ki ta genyen resanblans ak madanm li; konsa, nan avanse pi prè, li ta pral konfime ke se reyèlman madanm li ki te mouri a. Konsa, entèvansyon Jij Samuel Felipaux ki tap drese ak la, te mande Stephanie, Ki kote li ye la? Li te reponn pou’l di ke li pa konnen. Jij la te ale pi lwen pou li mande li, ki moun ke li rekonèt la,? Li te reponn, mari li ki te chita adwat li.

Se konsa, apwè pwose vèbal ak anpil temwanyaj lòt moun ki te patisipe nan nan antèman Stephanie, Berthony pase pran Stephanie, ki nan moman sila, retrouve li anndan lakay fanmiy lan.

Comments are closed.