Bandi sangwen mete dife nan yon komisarya Polis Meyòt la.

1,028

04-05-2023

Petyonvil, Ayiti____(TRiboLAND) Bandi sangwen yo pa rive idantifye kreye gro van panik, leve kouri ak tranble jarèt aprèmidi mèkredi 5 avril 2023 a, nan Meyòt, Petyonvil.

Bandi debake nan lokalite Meyòt, simaye yon kalite zak vyolans: mete dife, fiziyàd ak yon pakèt detonasyon kout zam ki okazyone anpil rezidan oblije kouri kite lakay yo san onè san respè. Gang malfrachyen yo ta sanble tire plizyè malere, alòske yo mete dife nan komisarya PNH la ak yon antèn ki pa trò lwen yon pon.

Nap raple, anpil efò bò kote popilasyon an nan Meyòt tap miltipliye depi yon bon bout tan anpil detèminasyon, pou pa kite lokalite a te tonbe anba men sangwen yo. Konsa, malgre gang yo ap miltipliye zak vyolans yo, e kreye jodi mèkredi anpil latèrè; plizyè sitwayen lokal kontinye ap reziste atak kriminèl yo ki deja pouse do yon bon valè sitwayen pezib.

Comments are closed.