Plizyè fiziyad marasa okazyone 22 moun mouri nan vil Maine, Etazini

828

10-26-2023

22 moun mouri krible, jounen mèkredi a nan yon fiziyad nan plizyè lokalite nan Eta Maine, nan Etazini, dapwè sa medya yo anonse.

Lapolis Eta Maine te voye gwo avètisman sou yon evantyèl “fran tirè” ki mete vil Lewiston anba gwo panik. Fran tirè sila, ki ta sanble ki pa manyen anyen ki fwèt, te sible plizyè etablisman tankou: restoran ak “bowling”.

Dapwè NBC News, genyen pwèske 50 jiska 60 moun ki ta blese. Biwo Sherif nan konte Androscoggin la, tap pibliye foto yon endividi sangwen  ame, ki te genyen nan men li yon fizi.

Konsa, otorite lokal yo nan Lewiston mande pou rezidans yo pwoteje tèt yon pandan ke yap ranfòse mwayen sekirite yo. Yo pwesize egalman ke lapolis ap fè bwas e mennen envèstigasyon nan twa rejyon an, patikilyèman sou yon blan ki rele Robert Card.

Comments are closed.