Demagoji: Otorite PNH yo pwosede ak arestasyon yon pakèt moun, pami yo yon enspektè polis nan kad yon konplo koudeta

271

02/07/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Marie Antoinette Gauthier ki se yon enspektè polis jwen arestasyon li byen bonè maten dimanch 7 fevriye 2021 an vè 2 zè nan maten.

Polisyèz la ki genyen plizyè akizasyon ki tonbe sou li tankou: konplo kont surete Leta nan kad manniganse yon koudeta pou kapote gouvènman Jovenel Moise la depi 18 fevriye 2018.

Apeprè 23 lòt konplis jwen arestasyon yo nan yon depo nan Petit Bois. Pami presume koupab pakala sa yo, genyen yon ex-minis ki enplike e deja subi entèwogatwa. Responsab PNH yo di ke yo jwen yon pakèt lajan ak zàm nan kad arestasyon an.

Pou anpil moun tout vye aksyon sa yo san avni, se mannèv dilatwa moun pa bezwen bay tròp atansyon nan yon kontèks kote ke ex-prezidan Jovenel Moise nan difikilte pou remèt pouvwa a. Ki enterè pou yo chèche bay yon prezidanou deta ki rive nan fen manda li?

Pou yon pakèt lòt sitwayen, si se yon leta ki t’ap regle yon bagay serye, PNH la pa ta tann se koulya yo arive dekouvwi yon konplo ki t’ap manniganse depi 18 fevriye 2018.

Dènye teyàt sa pa gen plas li la; sitou lè ou konnen non sèlman nan ki enòmite krim pouvwa PHTK enplike nan peyi, men sitou yon gouvènman ke moun pa ka pran oken pawòl li oserye.

Dimitri Hérard ki se Alatèt USGPN twouve li kòm chèf de fil kap mache kay an kay fè arestasyon yon seri moun ke pouvwa defakto Jovenel Moise la estime ki ka ranplase’l. Dimitri Hérard ki yon prezume kriminèl ke klamè piblik akize, detèmine pou eksite vyolans popilè parapò ak operasyon mache kay an kay pou fè repwezay patikilyèman arestasyon yon latriye figi notamman arestasyon yon jij kasasyon ke yo sispèk ki kapab ranplase Jovenel Moise. Se yon konpòtman ki vize agase pèp ayisyen an plis e mete andanje vi tout lòt sitwayen ki te tout adere ak pouvwa a, daprè yon Venel Timothe yon militan politik ki t’ap entèvni nan yon radyo nan kapital la.

Paralèlman, eks-prezidan Jovenel Moise pran avyon pou ale asiste kanaval nan vil Jakmèl (atitud ki tèt koupe ak konpòtman Donald Trump ki pat vle remèt pouvwa nan fè rechinya), men kontinye ap pase lòd ak yon ekip subaltènn ki pa reyalize ke trò ta bare yo!

Comments are closed.