6 blese nan Maryani nan boukantaj kout zam ant PNH ak divès gwoup gang

901

11-28-2023

Maryani, Ayiti______(TRiboLAND) Nan katchouboumbe ki eklate ant fòs lòd yo ak bandi sangwen nan Maryani, sou wout nasyonal numewo 2 a, yon demi douzèn pasajè arive blese anba bal nan yon minibis jounen lendi 27 novanm 2023 a.

Selon enfo yo, tantativ pou deloje gang yo ki genyen kontwòl lokalite Maryani an depi plizyè mwa, arive enstale yon pòs peyàj, nan kad ransone popilasyon an. Konsa, anpil boukantaj kout zam tef è kenken, nan objektif pou deloje gwoup gang yo ki se alye gwoup gang Gran Ravin ki genyen kontwòl antre kapital la.

Apwè atak gang yo sou pasajè yo, blese yo te oblije transpòte bwit sou kou nan yon lopital nan komin Leyogann.

Comments are closed.