Koridò komèsyal sispèk: gouvènman ayisyen an ta sanble ap trese lèl pou fasilite pwodwi pete fyèl dominiken yo antre nan peyi Dayiti

975

10-22-2023

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Gouvènman anti-ayisyen an, nan peyi Dayiti a, ta sanble ap fè bwas pou demoralize mouvman kanal la atravè yon swa dizan koridò lòbèy pou fasilite manje pwazon dominiken yo antre sou tèritwa ayisyen an.

Wideline Pierre, pòt pawòl komite kap jere mouvman kanal la, deklare nan yon entèvyou ak lapwès ke li poko wè klè sou atitid otorite ayisyèn yo ki ta sanble ap laloz, yon fason pou  bwouye kat la.

Achitèk fanm Wanament lan, rapouswiv pou li di, move sinyàl gouvènman ayisyen an genyen pou wè avèk volonte manifès yo, pou yo bay pèp ayisyen an yon kalòt imilyasyon nan benefis Luis Abinader ki pa sispan pase dinyite pèp ayisyen an anba pye.

Antouka, anpil moun ta sanble ap chèche resezi yo nan miltipliye bwas, yon fason pou fè echèk ak entansyon gouvènman anti-ayisyen Ariel Henry a, ki pa janm rate okazyon sakrifye dinyite, dwa, ak valè patriyotik pèp ayisyen an nan enterè etranje ki pa genyen moso respè pou Repiblik Dayiti.

Paralèlman nan yon lòt konferans ke komite mouvman kanal la, melanje ak peyizan, komèsan nan popilasyon an, te bay jounen samdi 21 oktòb 2023 a, devan Meri Wanament lan. Tout patisipan te anime ak yon san Desalenn, ke yo pap pran nan traktasyon e yo pare pou fwape pye yo pou kontrekare nenpòt souflantchou ou dirijan sanvègòy ki vle detounen mouvman popilasyon an, ki vize mete Luis Abinader nan wòl li.

Alagè kòm, alagè! E yo pap fè bak nan defann pou manje pwazon pa antre nan peyi Dayiti; men se fasilite pwodiksyon nasyonal la pran jarèt!

Comments are closed.