Aksidan trajik nan zòn Grigri: yon chofè motosiklèt ta mouri, yon fanm blese

337
0
Share:
TRiboLAND

08/08/2026

Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND)Yon gwo aksidan sikilasyon rapòte nan zòn Grigri, toupre Princiana Hotel, jodi samdi 8 dawout 2026 la. Aksidan an lakoz gwo emosyon pami temwen ak renmen wè ki te sou plas yo.

Daprè temwen ki te sou plas yo, yon motosiklèt te enplike nan aksidan an. Nan moman aksidan fin fèt la, yo pa t remake siy lavi lakay chofè motosiklèt la pandan yon dam ki te dèyè li te transpòte an ijans lopital Beraka.

Apre aksidan an, ajan Lapolis te rive sou plas pou fè premye entèvansyon yo epi pran dispozisyon ki nesesè yo. Prezans otorite yo te pèmèt kòmanse pwosesis pou etabli sikonstans egzak ki lakoz aksidan an. Pou kounye a, detay sou idantite viktim yo ansanm ak kòz egzak aksidan an poko disponib.

Share:

Leave a reply