Lapolis fouke Kenol Capitaine, yon prezime manm gang sangwen “Kraze Baryè”

966

03-26-2023

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon prezime manm gang “Kraze Baryè” ke chèf gang kriminèl Vitelom Innocent ap dirije mare kon grab anba menm lapopo, pandan jounen dimanch 26 mas 2023 nan Pòtoprens..

Kenol Capitaine se youn pami manm gang “Kraze Baryè” ke lapolis tap chèche tankou chyen fou. Ankèt lapopo yo te sible annafè akoz li ta tranpe nan lanmò Marie Gauthier Franklin ak tout anlèvman mari’l.

Kenol Capitaine, jwen arestasyon li nan moman lapolis lage koukouwouj, pa kite yo dòmi, san pran souf dèyè sangwen e menm sible fanmiy ak moun ki raproche yo.

Comments are closed.