Dimitri Herard se bwa dwat chèf gang Izo

804


05 – 21 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Daprè divès revelasyon, depi aprè evazyon Penitansye Nasyonal la, Dimitri Herard ansyen kòmandan USGPN lan, devni konseye chèf gang 5 Segond lan, Izo.

Dimitri Herard jwe yon wòl krisyal nan konekte gang sa ak gwo katèl gang ki nan rejyon an. Divès Moun nan peyia te toujou gen gwo sipsyon sou gwo patisyon Dimitri Herard te jwe pou chèf gang Izo te me deyò “Inite Vilaj Dedye” kèk jou aprè evazyon prizon an, kote li te tou al bati katye jeneral la nan Vilaj la.

Nap raple ansyen kòmandan USGPN lan te nan prizon penitansye swit ak gwo konplo nan asasina ansyen Prezidan Jovenel Moise nan lannwit 6 pou leve 7 jiyè 2021.

Dimitri Herard ansanm ak Izo, se pwason kraze nan bouyon!



Comments are closed.