Jistis Etazini: John Joël Joseph plede koupab pou enplikasyon li nan asasinay pwesidan Jovenel Moise

878

John Joël Joseph, ansyen senate Lès peyi Dayiti, admèt jounen jodia ke li te patisipe nan bay yon kòmando kolonbyen bourad nan asasinenay pwezidan Jovenel Moise la, dapwè sa jounal floridyen Miami Herald rapòte jodi madi 10 oktòb 2023 a.

John Joël Joseph, ke yo te arete nan peyi Jamayik e ekstrade nan peyi Etazini, plede koupab ou asèpte kòm reselè ki tap maniganse konplo ki te vize pou elimine pwesidan Jovenel Moise, avèk entensyon pou li te arive Pwemye minis moun ki te genyen pou ranplase Moise la.

JJJ ki genyen 52 rekòt kafe, admèt ke li te bay krim nan jarèt e patisipe nan konplotaj ak bandi kolonbyen, nan pwokire yo machinn e menm tante bayo zam pou yon parèy operasyon. JJJ egalman konfime ke li te ansanm ak kolonbyen yo lavèy asasina a.

Comments are closed.