Pechè nan Mòlsennikola kenbe yon gwo tonton pwason ki bay anpil sezisman

875

10-20-2023

Mòlsennikola, Ayiti_____(TRiboLAND) Pandan jounen jedi 19 oktòb 2023 a, popilasyon nan Mòlsennikola, depatman Nòdwès peyia, te oblije fè deplasman pou al gade ak 2 je yo, yon gwo tonton pwason ke pechè Mòlsennikola yo arive kenbe. Yon mirak ke anpil rezidan estime ke yo poko janm wè nan vi yo.

Kantite moun ki anvayi pou depatcha pwason an ki genyen menm gwosè ak yon batiman vwalye, pa genyen bouch pou pale. Se tout komin Mòl la ki te mobilize; alòske anpil bwas tap miltipliye pou rale poban pwason an mete deyò.

Se pwèske chak moun, ki te parèt tèt yo, e rache yon moso nan pwason an ke yo konsidere kòm lamann. Konsa tou, yon lòt gwoup moun deklare ke pa genyen sa pyès; yo pa vle antre nan lojik manje yon parèy pwason!

Comments are closed.