“Ti Wangan,” gwo chèf gang Boston an mouri anba bal pwòp konpayèl li nan Site Solèy

541

Chèf gang Boston an, Ginel Louis alyas “Ti Wangan” jwenn lanmò li anba bal pwòp group bandi li jodi Vandredi 29 Novanm 2019 la nan Site Solèy.

Nouvèl la te tonbe tankou yon bonm ak anpil tansyon ak van panik apwè ke popilasyon kominn Site Solèy la tap viv yon konsè kout zam pandan tout apwè midi jodi Vandredi-a. Machann ak pasan te oblije kraze rak nan divès riyèl site yon fason pou te sove po yo.

Dapwè kèk temwen okilè nan site-a, Ti wangan mouri ansanm avèk plizyè kòkòday li apwè ke pwòp makrèl li te deside krible li anba bal.

Comments are closed.