“Sekou Pou Ayiti”, se kri kè Kòdonatris Federasyon Fanm Òganize pou Devlopman Grandans lan, madam Chevalier Christelle

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Fas ak mizè san parèy ki makònen ak ensekirite jeneralize a, kòdonatris Federasyon Fanm Òganize pou Devlopman Grandans (FEFODGA) lan, madam Chevalier Christelle, lanse yon kri mare senti ak dezolasyon fas ak mizèrere pèp ayisyen an chak jou ki jou.
Konsa, responsab òganizasyon fanm lan, ki estime kè li ap dechire, egzije pèp ayisyen an, pwan lari an mas pou mande lòt nasyon ki pa nan ipokrizi pou ede pèp nasyon an sòti nan “labirent konze” yo ou “gouvènans galimatcha” sila ke ayisyen ak konplisite blan je vèt mete peyi a.
Pou realize yon inityativ konsa, kòdonatris (FEFODGA) a ap mete yon gro mouvman sou pye, nan dat 17 pou rive 18 me 2025 lan, jis pou konsyantize aktè yo sou gravite kondisyon lavi majorite ayisyen sitou nan Grandans peyi a.






