Batay gang ak gang nan Site Solèy koz plis pase 300 timoun pran refije nan yon lekòl

2,478

07-23-2022

Site Solèy, Ayiti_____(TRiboLAND) Batay ki gen ant 2 group gang G 9 ak G Pèp nan Site Solèy depi anviwon 3 semèn, deja lakoz anpil moun mouri san konte sa yo ki blese; kidonk, anpil moun pou konnya ap sove kite komin nan paske yo pa kabap ankò.

Sou presyon 2 group sa yo, anpil nan yo pa ka soti avivwa. Yo oblije retire kò yo an kachèt e ak sèlman rad sou po kò yo.

Plis pase 300 timoun pran refij nan yon lekòl akoz zak vyolans gang yo ki pa sispan miltipliye. Daprè yon responsab relijye Kisito, genyen 315 timoun ki kouri kite Site Solèy pou vin refijye yo nan lekòl Saint Louis de Gonzague la. Anpil nan timoun sa yo, pa vini ak paran yo. Espas la ki se yon lekòl pou konnya tounen yon dòtwa pandan ke refijye lokal sa yo ap dòmi atè akoz karans.


Batay ant group gang yo rann lavi anpil moun nan Site Solèy pi vilnerab e entenab. Yon parèy fenomèn pa menm manke entèpele gouvènman koupyon defakto Ariel Henry a.

Comments are closed.