Mache Wanament lan ouvè: ayisyen yo vle pran desten vant yo an men

1,043

10-06-2023

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Pandan reviman istorik ki fèt avèk mouvman kanal Rivyè Masak la, ak tout vye derespektan pèmèt gouvènman dominiken fè nan deside itilize manje pou pini popilasyon ayisyèn kap reklame dwa li, ebyen mache Wanament lan ki te mare pou ki koz moun pat janm kapab konpran, resi ouvè an granmoun jodi vandredi 6 oktòb 2023 a.

Dapwè anpil komèsan, ouvèti sila pwal pèmèt dominiken yo antre achte pwodwi ayisyen yo ke otorite dominikèn te toujou anpeche. Komèsan yo menm ale pi lwen, pou yo remèsye pwezidan dominiken an, ki pèmèt yo dekouvwi fòs yo e fè yo wè a ki pwen yo Hitler Karaib la rasis e menm rejwi nan demantle Ayiti.

Komanse yo te pyafe ak kè kontan; yo te reyèlman swaf yon parèy strikti ki konstwi depi lane 2006; men toutfwa te rete ap kanni anba je otorite ou dirijan koupyon ki te sanble mare nan pye tab dominiken yo.

Comments are closed.