Ronaldo kritike ouvèti foutbòl la nan Bwezil malgre pandemi kowonaviris la kap vale teren

1,060

Madrid____(TRiboLAND) Lejandè atakan ekip bwezil la, Ronaldo mete 2 men nan tèt lè li gade repwiz foutbòl la nan moman pandemi a ap bwase bil nasyon bwezilyènn lan.

Dapwè super star a, rekonsidere foutbòl la nan peryòd sa twò pwesipite apwè plis pase 3 mwa akoz pandemi kovid-19 la. Pwemye lig ki demare avèk aktivite foutbòl la jodi jedi 18 jwen an,  se lig Eta Rio de Janeiro a ke yo rele “Chanpyona Karyoka.”

“Pou eta siyasyon an ye nan peyi Bwezil, mwen pa anfavè rewouvèti foutbòl la.” Peyi Bwezil chita ap kopye sou peyi Ewòp yo san ke li pa rann kont de epidemi an kap fè ravaj lakay”, dapwè Ronaldo jodi jedi a nan Madrid.

Kantite moun ke pandemi a pote ale nan peyi Bwezil pi plis pase tout lòt peyi sou latè esèpte peyi Etazini. Desè yo te 46, 510 yè mèkredi a.

Comments are closed.