Ouvèti nouvèl ane jidisyè a nan nòdwès

290

10\06\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan prezans divès antite tankou: ministè piblik, konsèy defans bawo Pòdpè a, jij, grefye ak isye yo, yon seremoni dewoule jounen lendi 5 oktòb 2020 an, Pou anonse ouvèti nouvèl ane jidisyè a nan Nòdwès.

Seremoni sa ki te prezide pa dwayen tribinal sivil Pòdpè a Me Yves Marie Periclès e asiste anba lobedyans plizye jij enstriksyon pami yo Me Durosier.

Chèf pakè Pòdpè a, nan sikonstans lan te pran lapawòl, move kou kong e pase lòd ak la polis pou rive poze lapat sou yon latriye moto siklèt kap klèwonnen vil la ak yon seri klaksòn tankou anbilans, ponpye ak la polis.

Yon lòt bò, Me Job Louis ansyen botonye lòd avoka yo te pwofite okazyon saa pou remèt baton pèleren an bay nouvo batonye lòd avoka yo Me Dumelse e swete kòlèg li a bon siksè nan kad angajman ak responsablite l nan tèt bawo Pòdpè a.

Antouka, pou sèten avoka nouvèl ane jidisyè sa a, ta sipoze make yon veritab chanjman nan aparèy jidisyè depatman Nòdwès la. Konsa dapwè avoka sa yo la jistis pa gode manje li pa gen dwa ap vann nan ti gode ak ti mamit, ke chak aktè konsène yo jwe wòl yo jan sa dwe ye. Viv ayiti! viv la jistis.

Hyppolite Genson

gensonhyppolite@8gmail.com

Comments are closed.