Luis Abinader vizite yon kanal dominiken nan Dajabón

837

10-06-2023

Dajabón, RD_____(TRiboLAND) Nan vizit ke li fè nan yon kanal ke dominiken yo te konstwi nan Vigia, Dajabón, jounen vandredi 6 oktòb 2023 a, pwezidan dominiken an, Luis Abinader, deklare lap gade si li kapab relache yon tijan kèk nan dispozitif ke li te pran pou li te fèmen fontyè repiblik dominkèn nan ak Ayiti.

Pwezidan panyòl ki soufwi nostalji kolonyalis la, deklare ke lap gade sa li kapab fè nan nivo komèsyàl; sepandan, se pako koze a sa; paske li pa soti pou retire yon yota nan sa ki genyen pou wè ak dispozitif sou imigrasyon yo.

Nap raple, repiblik dominikèn te toujou antre anpil gwo magogo lajan nan vann ayisyen viza tèt nèg.

Comments are closed.