Ouvèti Foròm Antalya sou Diplomasi : Pwezidan Tuk la, Reccep Tayyip Erdogan mete aksan sou 3 aspè fondamantal

647

06/18/2021

Antalya, Tuki______(TRiboLAND) Nan ouvèti Foròm Antalya sou Diplomasi a nan peyi Tuki ki egzije deplasman yon latriye chèf deta pami yo pwezidan defato Jovenel Moise, pwezidan Tuk la, Reccep Tayyip Erdogan nan diskou sikonstans li maten an, te touche 3 gwo pwen:

  1. Itilize pweferableman resous enèjetik yo nan Meditèrane oryantal la kòm yon motif kowoperasyon ke afwontman chyen manje chyen.
  2. Rèv nou demen, se devlope yon seri kowoperasyon ki djanm atravè tout monn lan: Afrik, Amerik Latin pou tonbe an Azi ak Pasifik.
  3. Kominote entènasyonal la pa jere konsekans pandemi an byen. Konsèy Sekirite a te abòde pwoblèm pandemi an 100 jou apwè ke kriz la te kentan parèt tèt li.

Foròm sa ki te reyini yon pakèt gwo chabwàk nan monn lan, te konstitye yon rasanbleman wo nivo avèk dirijan politik, diplomat, inivèsitè tout kalite nan kàd bwàse lide atravè “Diplomasi Inovativ” pou reponn ak yon seri defi entènasyonal.

Tematik la te egalman chita sou aspè sistematik ak enstitisyonèl diplomasi a kòm yon enstriman kominikasyon e negosyasyon ki kapab fasilite peyi yo travay sou yon seri solusyon kowoperativ. Konsa, sa esplike ajanda pwesidan defakto Jovenel Moise ki genyen chita tande (3 gwo pwen : sekirite, enèji ak envèstisman) ak omològ li, Receep Tayyip Erdogan.

Nap raple, Jovenel Moise ansanm avèk madanm li, Martine Moise te chita nan pwemye ranje asanble a nan moman diskou chèf deta peyi Tuki a, Receep Tayyip Erdogan. Se yon gwo koujay ki te òganize nan Antalya, senkyèm vil nan peyi Tuki.

Comments are closed.