Frè paspò a kite 550 dola ayisyen, kouri kandale desann 200 dola nan imigrasyon Pòdpè a.

1,254

05-23-2023

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon ti vizit korespondan TRiboLAND yo te fè, nan paraj biwo imigrasyon branch Nòdwès la jounen mèkredi 24 me 2023 a, yo jwenn pri paspò a kite 550 dola ayisyen, glise desann 200 dola, san founi okenn esplikasyon.

Nan chèche fouye zo nan kalalou, nou rive aprann rezon ki kòz frè paspò yo desann lan, se paske yo aprann anketè ULCC yo ta sanble prezan nan paraj biwo imigrasyon Pòdpè a.

Li pa yon sekrè pou pèsòn ke biwo imigrasyon branch Nòdwès la, se yon basyon kòripsyon kote moun ap koupe kou malere sitwayen ayisyen, pou fè lajan nan tout kalite move kondisyon.Se kavènn vòlè sila ou jwenn yon seri ajan UDMO, jonalis, gran Toryan, avoka, ajan, ak anpil lòt antite ap pyafe nan bwasaj kòripsyon ak Direksyon imigrasyon a ki ta sanble mete yon pakèt moun travay pou li e ki ta sanble deja genyen 3 kay ke lap konstwi.

Yon paspò koute 40.000 G jiska 60.000 G, alòske reselè komisè gouvènman, jij ak lòt otorite yo nan jistis la rete bouch be; sa ki pi mal la, anpil nan yo konplis, yap touche nan men malere, pandan ke yap voye lis moun nan biwo imigrasyon an.

Poze kesyon sou absans nouvo direktè a, enfòmasyon kap marinen yo fè konnen, direktè a ta sanble parèt pentad, pentad nan dènye jou sa yo, kote ke sèvis yo livre sèlman ak lòt ti pèsonèl yo nan biwo a.

Èske ajan ULCC yo pral trase yon egzanp nan dosye paspò a? Oubyen eske gen posiblite pou fouke atoufè e antre Pòtopwens, nou pa konnen? Sof ke, yon bagay ki sèten! ULCC trò piti pou li jwenn bout Izo Nòdwès yo ki pa sispann efondre enstitisyon leta yo nan depatman Nòdwès la?

Comments are closed.