Lapwès pran yon gwo kou nan Nòdwès: Marc Eddy Ossam kite tout moun enkonsolab

977

10-05-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Tout vil Pòdpè anba gwo sezisman fen apwèmidi jedi 5 oktòb 2023 a, lè plizyè kout rèl pete nan vil Pòdpè, klewonnen lanmò jounalis byen koni, Marc Edy Ossam. Se yon veritab chòk pou tout yon popilasyon ki pa sispann kriye pou plizyè jounalis lokal ki te deja kraze yon kite sa.

Ossam, ki genyen yon karyè jounalistik enpekad ou yon portfolio pwfesyonèl nan nivo medyatik la, patikilyèman nan vil Pòdpè, te malad pandan yon bon bout mwa. Li tap soufwi ak yon anòmali nan vwomisman e dyare ki te oblije li pran kabann lopital, dapwè sa ke yon konfwè ki pwòch defen an ta deklare.

Se te reyèlman ka pèdi pou Ossam, lòske doktè te oblije remèt li nan jou sila yo. Li mouri apwèmidi 5 oktòb 2023 a, lakay li, nan vil Pòdpè. Li kite 2 ti pitit gason dèyè ak yon kolònn fanmiy nan mare senti.

Ossam se te youn nan jounalis ki te bay metye yon touch modèn nan nivo teknoloji; yon ansyen jounalis plizyè medya, tankou TRiboLAND. Ke nanm Marc Edy Ossam, repoze nan lapè ki anvayi Loryan Etènèl!

Comments are closed.