Jeremi: Viktim tranblemandtè 6 jen 2023 yo, rele “osekou”.

711

06-24-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Depi aprè tranbleman tè 6 jen 2023 a, viktim kay kraze ak andomaje yo tabli baz yo sou tèren foutbàl Jeremi an, ke anpil moun konnen sou non “Pak Senlwi”.

Viktim yo enstale yo sou swadizan yon “bagay” pami 25 Estad ke ansyen PM Lamothe di ke gouvènman PHTK li an te konstwi nan peyi a nan moman gagotay ou dràm lajan Petwo Karibe a.

Viktim yo ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND deklare, ke yo oblije fwa sa a vinn mete tant yo ak etale nat yo nan espas piblik sila, “Pak Senlwi”. Pou yo menm, se jis pou mete presyon, yon fason pou Leta ak ONG yo fè yon priz anchaj serye pou yo menm kòm viktim katastròf natirèl.

Comments are closed.