Dèy anndan dyosèz Jeremi an.

210
0
Share:
TRiboLAND

04 – 11 – 2026

Jeremi, Ayiti_______(TRiboLAND) Se avèk anpil tristès ak dlo nan je, fidèl legliz katolik yo, nan dyosèz Jeremi an, apwann lannmò pè Dante Daniel, yonn pami figi anblematik legliz katolik nan depatman Grandans peyi a. Yon lidè eklezyastik ki realize anpil gro travay nan pawas yo, swa nan domèn edikatif, sante, enfwastrikti e espirityèl.

Pè Dante Daniel, pwan nesans 27 Févriye 1949, nan zonn premye seksyon kominal Bonbon, anba Larivyè Dezòmo. Lite òdone pwèt nan lane 1981. Li mouri nan lopital Sentantwann Jeremi nan lannwit 10 pou louvri 11 Avril 2026 nan laj swasant dis setan aprè yon malèz. e pa twò lontan sa pè Dante te sibi yon operasyon nan zye l.

Pakou pè Dante Daniel atravè depatman Grandans lan, pa piti. Li pase plizyè lokalite kòm kire tankou: Mowon, Latibolyè, Kafou Sanon, Chanbelan, Bomon e Pestèl. Ki donk, se te yon rid travayè ki te bati dyosèz Jeremi an e ki make pasaj li kòm yon gro vizyonè nan listwa legliz katolik nan Grandans.

Ke nanm pè Dante Daniel repoze nan laglaw ak nan lapè etènèl; e ke fanmiy, legliz, ak zanmi ke dèy sila sakaje, jwen konfò nan Papa a, ak Pitit la e Sen Espwi a!

Share:

Leave a reply