Ouganda pral deplwaye 1000 gason batayè nan RDC nan kad fòs rejyonal CAE a

1,453

11-21-2022

Pandan ke peyi a ap deplwaye plizyè santèn sòlda nan Repiblik Demokratik Kongo nan kad pote kole kont rebel ADF yo, Ouganda anonse deplwaman 1000 gason batayè nan RDC pou kontre kònn ak M23.

Nan yon deklarasyon ke li fè jodi lendi 21 novanm 2022 a, pòtpawòl ministè Defans peyi Ouganda, Félix Kulayigye deklare ke “Ouganda ap pote kole ansanm ak peyi Kenya e Bouronndi ki genyen troup ki entegre CAE a e ki deja nan zòn Lès Repiblik Demokratik Kongo, daprè sa Reuters rapòte.

Daprè sit enfòmasyon ougandè ki rele Chimprepò, kontenjan ougande a ap genyen pou deplwaye tou pre vil Goma, ki rebel mouvman 23 mas (M23) yo atake.

Nan mwa jwen pase, dirijan CAE yo te deside voye yon “kontenjan mete lapè” nan Lès RDC pou nòmalize sitiyasyon an e mete yon bout nan batay yo. Gouvènman RDC a asèpte amwens ke pa genyen  oken troup wanned ki entegre nan fòs la.

CAE pran nesans nan lane 2000, li se yon òganizasyon rejyonal ki alinye 7 peyi: Bouwonndi, Wannda, Soudan Disid, RDC, Kenya, Tanzania ak Ouganda.

Comments are closed.