“Top Akabi” vle redore blazon teyat la, nan vil Pòdpè

1,175

01-12-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Atelye “Top Akabi” nan vil Pòdpè, se yon strikti kiltirèl ki genyen nan li: penti, dans, pwezi, mizik ak yon twoup teyat djanm. Fonde depi nan lane 2016, anba lobedyans yon group jèn fanm ak gason tankou: Dorvil Daphlore, Elizer Joseph, Aldaïs Timoléon ak Rolander Aurelus nan objektif pou pwodwi zèv atistik ki pwòp ak kilti nasyonal la.

Aprè “Top Akabi” te fin reyisi yon kokenn aktivite, ki te batize ” Pawòl reveye konfyans” nan dat ki te 8 janvye 2023 ki sot pase la, nan lokal “One Love”, moun Pòdpè santi gen espwa teyat ka reviv ankò. 

Piblik la te konsone 2 dans, yon petwo ak yon ibo; 2 tèks teyat byen chapante tankou: “Pengwen”, ke Elizer ak mete an sou sèn Jeanty Jamesky ekri. Yon pyès teyat ki reflete reyalite politisyen lakay. Dezyèm nan se “Rèl”, ke Jamesky Jeanty egalman ekri ak mete sou sèn. Pyès sa li menm, reflete reyalite jèn yo kap viv nan peyia. 2 tèks ki te pèmèt piblik ri nan pèdi dan ak reflechi daprè sa ki tap degaje nan yo ak jès yo.

Pèfòmans dans, group teyat kiltirèl, Top Akabi nan Pòdpè

Si nan vil Pòdpè, aprè disparisyon twoup teyat “Zakachout ak Zouboulou Kolezo” ki te konn fè moun yo viv anpil bèl pyès teyat, e ki te konn pèmèt lòt Twoup teyat vin pèfòme Pòdpè, tankou Jesifra ak Sifradin. Sa fè lontan moun nan site Kapwa Lamò a pa viv gwo spektak teyat nan vil la, e menm nan depatman. Men ak “Top Akabi”, gen espwa daprè temwanyaj moun ki te swiv espektak la.

Daprè aktè “Top Akabi” yo, TA pap janm pwodwi anyen ki depaman ak kilti ayisyèn lan. Yo pwouve sa depi plizyè ane, malgre difikilte ki genyen ak konsomatè yo ki vrèman konsome zèv atistik yo.

Comments are closed.