Bawo pòtoprens sanksyone Mèt Caleb Jean Baptiste pou yon peryòd 6 mwa.

235
0
Share:
TRiboLAND

Mèt Caleb Jean Baptiste, pap ka plede nan tribinal pou yon peryòd 6 mwa, pou tèt li tap dirije yon operasyon polis nan jou ki sòt pase la yo.

06-18-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote non, Konsèy Lòd Avoka yo nan Pòtoprens, batonye a pran desizyon pou li anile pou yon peryòd 6 mwa, otorizasyon yo te bay Mèt Caleb Jean Baptiste, pou li te egzèse pwofesyon avoka a, epi an menm tan, fòse’l peye yon kosyon pou tèt li ta vyole lalwa ak règleman bawo a.

Bawo Pòtoprens pran desizyon sa a, se aprè yon videyo ki tap sikile sou rezo sosyal yo, ki montre Mèt la, tap dirije yon arestasyon nan moman ajan PNH yo tap arete nan dat 15 jen pase a, yon dam ki pote non,Yael Jahane Clerié Zureik, pou tèt li ta fè 6 tounen 9.

Share:

Leave a reply