Yon bandi nan baz gran grif, ta sanble kase yon vwèlta pou letènite.

795

Junior Baz Gran Grif, se non yonn nan gwo potanta Baz Gran Grif, ki fè yon vwèlta nan peyi san chapo nan depatman Latibonit.

09-23-2023

Latibonit, Ayiti__(TRiboLAND) Bri kouri nouvèl gaye! Junior ensikoni, ke tout moun konnen sou non, Junior Baz Gran Grif, se yonn nan gwo bawon baz sila, ki ta sanble kase yon vwèlta pou letènite.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ta fè kwè, gwo potanta baz la, Junior ensikoni ta jwen lanmò li, nan yon zatrap lanbi ak anana apre yo te fin kase yon kay nan zòn Ba-Latibonit.

Lanmò gwo koure sila, ki te konn espesyalize li nan bwakaj, vòl men ame, vyòl, sekestrasyon, poun site sa yo sèlman, blayi kè kontan ak sòlòkòtò chanpayn nan mitan popilasyon an, nan depatman Latibonit lan, patikilyèman nan zòn Savyen ak lòt zòn ki antoure li yo.

Comments are closed.