Nodwès mande Pwesidan Jovenel Moise jis kilè izinn elektrik ke li te enstale depi plis pase 2 zan nan Boneau a ap fonksyonèl

0 341

Pòdpè___(TRiboLAND) Kolektive Fòs Aktiv pou Chanjman Peyi Dayiti nan Nòdwès nan kad yon rankont ak Lapwès Jedi 12 Desanm 2019 la, mande pwezidan banann nan, Jovenel Moises pou ede yo konpwann sa kap fèt apwè ke li te finn simaye pwopagann levanjil livwezon 9 motè tou limen ki pwal amelyore distribisyon kouran nan Okay ak Ti Gwav.

Kolektiv la ki twouve ke chèf deta-a ki pa sispann woule male malerèz Nòdwès nan farinn, mande pwezidan jous kilè pou yo tounen pwatann nan tan! “Nou reyèlman santi nou estomake lòske pwezidan Jovenel depi plis pase 2 lane pa regle absoluman anyen pou yon depatman ki te ede-l pwan jarèt ekonomik. Yo mekontan, dèske yon kontinye ap badichonnen anba yon latriye blòf ki ta sanble nan ADN pwezidan an.

“Nou sezi wè se lòt kote chèf deta-a ap bay tete yon fason pou yo pa leve kont li,” dapwè divès moun ki mande jovenel Moise pou ede yo konpwann ki itilite swadizan Santral Elektrik 1,6 megawàt ke li te enstale nan Boneau ki genyen plis pase 2 lane ap kanni nan fè bèbèl san fonksyone, alòske anpil pwopagann kouran ap fèt sou do Nòdwès kap viv nan blackout depi plizyè lane.

Sa ki pirèd la, 9 gwoup elektwojènn ale jwenn 2 kote ke gouvènman Jovenel la vle fè dòmi nan pwotestasyon, alòske nouvo Direktè EDH la nan Pòdpe menase pou li krase yon kite sa pandan ke li bouke jere blackout nan yon vil ki pa genyen materyèl pou ede popilasyon an konnen ki sa ki rele lumyè!

Konsa anpil moun di Okay ak Ti Gwav bònn chans e yo swete wè tou 2 zònn sa yo arive charite Pòdpè youn nan gwoup elektwojènn sa yo jiskaske motè Boneau a travay lè Jezi retounen!

Leave A Reply