Lèt tou louvri pou Francisque Jean Charles

1,028

Gran frè Ricot, konsa m te toujou relew, jodia fè egzakteman yon mwa yon jou depi map tann pou m adrese m piblikman a ou. 

Sa gen yon mwa yon jou depi yon ti gwoup moun te deside sal repitasyon m ak renome mwen pran tout jenès mwen pou m konstwi.

Tan pasyans sa te long anpil e jodia mwen santi mwen pran distans ase pou m pale ak ou san okenn emosyon e mwen pwomèt pou m pa bay okenn manti nan lèt tou louvri sila.

Nan yon mwa yon jou, mwen aprann anpil. Mwen pran anpil matirite epi mwen rive konprann kijan lèzòm mechan e kijan laverite koute chè.

Mwen sitou aprann kijan sa di lè yon moun ap sibi enjistis, kalomni epi moun tankou ou menm ki konn verite a pa deside etabli verite a. Aloske tout moun an jeneral tap tann sa nan menw.

Francisque, yon maten ou rele m ou dim ou menm ak yon zanmiw Odner gen yon Pwojè pou nou gade kijan nou ka mete plizyè dizèn moun ansanm pou kreye yon inisyativ ekonomik pou ede moun soti nan povrete ki genyen nan depatman nòdwès la.

Ou te di m ou ta renmen mwen sipòte w nan inisyativ sa paske moun nòdwès fè m anpil konfyans.

Mwen te diw mwen pa gen okenn pwoblèm pou m sipòte w nan inisyativ sa menm si mwen pa gen tan men map bay ankadreman pa m.

Ou menm Francisque ak Odner bay 2 moun pa nou ki pou jere inisyativ la, fè jesyon administratif li ak jere lajan manm yo.

Ou menm ou pwopoze Véronique ki se ti sè w se konsa ou te rele li, moun pa w e se moun ou fè konfyans. E li batize pitit ou !

Odner te pwopoze Ermith ki se ansyen elèv li li di ki se moun de konfyans. Jiskaprezan m pa wè okenn pwoblè m nan sa paske se inisyativ nou se nòmal pou nou chwazi moun nou konnen e nou fè konfyans pou jere li.

Epi nan asanble a majorite moun kite la pwoklame mwen Daniel Loriston kòm prezidan konsèy la. Antanke prezidan konsèy la mwen pa gen okenn kontak ak lajan mwen sèlman la pou Véronique banm rapò peryodik (trimèstriyèl, semèstriyèl) pou dim kijan lap jere aktivite a epi mwen menm pou m valide rapò yo si yo epi pote yo devan asanble a.  Men jesyon lajan o jou le jou se Véronique ak Ermith ki ap fè sa.

Gras a sekretè Carlos ki travay rapò yo ak medam yo mwen vin okouran gen yon kantite kòb ke medam yo paka jistifye. Medam yo paka eksplike kijan lajan sa fè paka jistifye. Rapidman mwen fè yon reyinyon aleksprès avèk Sekretè a, 2 medam yo pou mwen konnen ki sa ki pase !

Nan reyinyon sa Véronik ak Ermith youn ap akize lòt pou di yo dwe pataje reskonsabilite sa paske se yo tou le 2 ki konn retire nan lajan an.

Mwen òganize rapidman yon asanble jeneral kote mwen envite tout manm kite kontribye yo, 2 medam yo nan reyinyon sa epi mwen adrese m ak asanble a konsa :

Mesye dam nou pran yon bèl inisyativ pou nou travay ansanm men gen malerezman mwen reyini nou pou m anonse nou move nouvèl.

Véronique ak Ermith gagote yon bon pati nan lajan nou te kolekte ansanm pou nou fè pwojè a (anviwon 400,000 goud). 

Mwen kontinye pou m di asanble a me 2 medam yo la mwen mennen yo banou pou asanble a tranche e deside.

 E mwen te di si mwen menm Daniel Loriston te menm konn ede meda m yo konte lajan nan biwo a se pou yo di sa. E mwen te trè remonte nan reyinyon sa lèm te di m pa janm nan kòripsyon ak moun ni malonètete.

Nan Rankont sa plis pase 40 manm te la. 2 medam yo te aksepte yo gagote yon pati nan lajan an. Nan rankont sa Véronique te pale avan kòm sipèvizè Ermith li bay vèsyon pa li kote li te eseye montre se sèl Ermith ki retire nan lajan an. 

Lè Véronique fin pale. Mwen te pase Ermith lapawòl pou li bay Vèsyon pal. Otomatikman Ermith pwal pale pou li di tout sa Véronique fè tou, Francisque Jean Charles ou pete kòken, ou fè bri, ou di Ermith ou pap pale. Kanpe bagay sa. Nou pa gen dwa vin avili medam yo la paske yo sakrifye tan yo pou yo te travay nan pwojè a.

Francique Jean Charles, lè m tap kwense Véronique antanke sipèvizè li te avwe m li te prete ni ou ni madanm ou nan lajan bank pa nou an a plizyè repriz. E se sak fè ou pat vle Ermith pale paske li te pwal site non w nan reyinyon an. 

E devan ansanble a ou sonje kijan mwen te mete medam yo an defi pou yo di mwen menm Dal mwen te gen yon goud Bank pa nou ki pase nan menm. Si youn nan detay mwen bay la yo pa vrè se pou fòs limyè yo, fòs jistis yo pete fyèl mwen.

Francisque Jean-Charles, ou se youn nan moun pòdepè mwen bay plis lanmou. Mwen montre w anpil respè, mwen fè w konfyans, mwen viv avè w san ipokrizi e mwen toujou prè pou m sipòte w finansyèman paske m konnen bagay yo pa bon pou ou.

An 2013 mwen achte yon fotokopyez pou 1800 dola ameriken fèw kado pouw enprime jounal lenovateur, se paske mwen apresye w e mwen vle edew, a plizyè repriz mwen gen machandiz Gatorade, noodles, Mystic ki vini paskem konnen ou gen difikilte m pote machandiz baw m diw degajew epi wa banm manman lajan an kenbe benefis yo, si mwen antanke jèn map sipòte w nan diferan fason sa yo se paske mwen renmenw e mwen konnen se yon devwa pou m soutni moun mwen renmen e ki renmenm tou.

Francisque Jean-Charles, mwen sezi wè kijan ou wè tout moun ki rayi m ki vle sal imaj mwen nan dosye Bank Pa nou an ap ekri vye koze sou rezo sosyo yo, yo anba zye w, anpil nan moun sa yo se moun ou gen enfliyans sou yo epiw pa janm pran kouraj ou  pou w di mezanmi Daniel Loriston pa gen lajan Bank pa nou nan men l nou pa dwe ap sal imaj li.

Plis ou rete an silans plis dout ap peze sou do m. Mwen konnen ou te ka pa vle avili 2 medam yo an piblik paske se ou ak zanmi w kite pwopoze yo, men kijan ou fè pa gen kouraj pou w di verite nan sa ki gen pou wè ak mwen ? 

Poukisa ou pa janm di an piblik nan asanble a non Daniel pat janm site kòm moun ki manyen lajan pwojè a ?

Poukisa malgre yon pati nan lajan an nan men ou menm ak madanm ou, ou kite se mwen moun ap betizye ak non m ? Kote sajès laj granmoun ou ta dwe pote a ? Kote konsyans ou ? 

Francique Jean-Charles, silans ou nan dosye sa lè w pa di laverite, lè moun ki pale avèw ou pa di yo anyen ki klè se yon vagabondaj san parèy, yon krim san non !

Mwen vle raple tout moun ki konnen kiyès ki Daniel Loriston mwen pa gen okenn lajan ki pase nan men m. Daniel Loriston poko janm gen pwoblèm 400,000 goud.

 Byen mwen genyen nan pòdepè vo plizyè dizèn milyon goud. E tout moun konenn kijan mwen travay di, fè biznis pou m kreye otonomi finansyè mwen.

 Mwen jere 900, 000 dola ameriken pou World Visoon nan Plato santral yon goud pa fè fon donk mwen se yon moun ki kenbe yon nivo onètete nan peyi  a ki difisil pou twouve.

Francisque Jean-Charles, mwen konnen anpil fwa konsyans ou konn repwoche w an reta, men li toujou reprann plas li. E lè li vini ou toujou gen kouraj pouw fè mea-culpa, pou w fè eskiz epi rekonèt ou te mal aji.

 Jiskaprezan gran frè kite fèm kwè nan li jouk mwen fèmen zye m al swiv li nan yon inisyativ li pran, map tann gran frè sa vini an piblik epi di tout laverite.

Moman konfizyon ak mansonj lan fini Francisque, mwen envite w retounen sou chimen sajès la. La vérité ak lajistis dwe triyonfe.

Konsekans jijman tèrib ke dosye sa kapab trennen kapab yon bagay fatal ke pèsonn moun patap renmen viv. Mwen menm ki sibi enjistis m pata renmen wè jijman tèrib sa.

Francisque, mwen garanti w, pou jan mwen fè efò ak tèt mwen, jan mwen fè sakrifis pou m rete onèt nan chak aksyon map poze, sou konsyans ou anpil fanmiy nan pòdepè gen pou kriye. Anpil jèn ki pran plezi nan fè buzz ap gen pou regrèt tout mansonj ak akizasyon enjis ki fèt so do m. Bagay la pap fasil ditou.

Francisque Jean-Charles, ou konnen verite a e ou konnen kijan tout moun kite akize m nan dosye sa se tankou yo twoke lavi yo ak repitasyon m. Ou konnen se yon jijman ki pa difisil ditou.

Moun sa yo ki te vle fèw plezi a, Ricot, epanye yo de jijman fatal la. Tout sa ki rive la yo se ou menm ki lakoz yo.

Mwen pap janm pale de dosye sa ankò jiskaske jou jiman térib la rive. Men sonje li poko twò ta pou nou evite santans tèrib yon jijman fatal kote lajistis ap retabli ak fraka.

Mwen kontinye renmen tout moun menm si la yo ki fèm mal. E mwen priye granmèt la, fòs limyè yo, fòs jistis yo pou yo retabli laverite nan fason yo vle li a, si ou menm Francisque ou pa deside antisipe pou w klarifye tout bagay epi bay tout verite sou dosye sa.

Lè m diw bay verite m pa diw bay manti pou mwen non. M Diw bay tout verite !

Que les forces de la nature brillent en faveur de la vérité et la justice !

Ainsi soit-il !

Kenbe la !

Daniel Loriston Yon egzanp onètete ke vag mansonj pa ka fese.

Comments are closed.