Daniel Loriston ak Ermithe ensikoni, (Romero ak Juliette) ta fè chimen kwochi ak kòb 121 malere ak malerèz nan “Bank Pa Nou”.

1,624

08-23-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) “Bank Pa nou”, se inityativ plizyè sitwayen ak ti machann nan vil Pòdpè kite deside kole men yo ansanm pou bati yon ekonomi kole zepòl.

Konplo pi rèd pase wanga! Aprè anpil ankèt korespondan TRiboLAND yo mennen, evidans yo ta pwouve ke prezidan “Bank Pa Nou” an, Daniel Loriston ki tap koupe rache, nan tèt kole ak trezoryè a, Ermithe ensikoni (Romero/Juliette), pran chimen kwochi ak kòb “Bank Pa Nou” an.

Kèk manb ki tap pale fè konnen, nan moman prezantasyon 3èm Asanble “Bank Pa Nou an”, Romero ak Juliette te nan gran difikilte pou te founi asosye yo, yon esplikasyon klè sou absans kòb ki fè wout kwochi yo, sa ki ta pral pouse Daniel Loriston, pran angajman pou li remèt kòb la.

Konsa, Daniel Loriston kise yon aktè nan fim “Bank Pa Nou” an, deside fè yon kout zo, kote li vèse 100.000 G ak kèk ti machann. Se nan chèche konnen y’ap vin aprann, se 100.000 G kite rete nan kès la, se li menm Daniel Loriston bay ankò.

Se nan fouye zo nan kalalou, asosye yo pral konnen se bagay fanm ak gason ki tap regle ant prezidan ak trezoryè a ki lakòz kòb “Bank Pa Nou” an, resevwa gwo pataswèl sa a.

Pou anpil moun, dènye kou ki pou touye koukou a, Daniel Loriston ta fè konnen, nan moman 3èm Asanble a, l’ap remèt tout lajan ki disparèt yo, epi ranmase majorite kanè yo pou li ka rive konnen kiyès ki fin peye, konsa li pran ni kanè ni lajan.

Antouka, nan moman nap pale la, pou anpil moun Daniel Loriston ta deja pran azil pou peyi blan Meriken, yon dosye ki mete anpil malere nan Nòdwès peyia nan “tranble janm”, “dan sere” ak “konpwès sou tèt”.

Comments are closed.