Delege depatmantal Nòdès la, Moïse Charles Pierre mete mwayen transpò disponib pou migran yo

812

09-22-2023

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon konvèsasyon telefonik li bay repòtè TRiboLAND  jounen vandredi 22 septanm 2023 a, nan Wanament, Delege depatmantal Nòdès la, Moïse Charles Pierre fè konnen li mete plizyè bis pou transpòtasyon ayisyen yo kap soti pa makònn an Repiblik Dominikèn.

Imigrasyon nan Repiblik Dominikèn pa sispann depòte Ayisyen sou teritwa li a, plizyè milye ayisyen depòte ou refoule nan peyi Dayiti, swit avèk konpòtman rasis pwezidan dominiken an, Luis Abinader Corona.

Nap raple depi lè prezidan Dominiken an pran desizyon pou fèmen fwontyè ak Ayiti, plizyè milye Ayisyen pa sispann sibi konpòtman rasis Abinader yo.

Comments are closed.