Ayiti-ensekirite : otorite nan vil pòdpè sezi yè madi plizyè zàm nan yon batiman

1,238

11/17/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan kad travay ajan dwa’n yo, lapolis nasyonal ak lajistis nan vil pòdpè premye komin nan depatman nòdwès la sezi yè madi 16 novanm 2021 an plizyè zàm nan yon bato ki te soti Miami, Florid.

Jij depè tribinal sivil pòdpè a Paul Blanc ki konfime enfòmasyon an, pat rive bay pyès moun oken detay sou kantite zàm ki sezi nan bato sila.

Nan menm moman an, otorite polisyè ak jidisyè ki nan depatman nòdwès di y’ap travay ansanm sou dosye a nan lide pou founi je e bay yon konferans pou Lapwès ka konnen tout detay dekilakyèl lye ak transpòtasyon tout zam sa yo.

Par Louis Jameson

Comments are closed.