Pòdpè-Manifestasyon: manifestasyon kont desizyon mouche leta pran pou ogmante pri gaz la

2,029

Jameson Louis

12/09/2021




Pòdpè______(TRiboLAND) Swit ak desizyon pou ogmante pri pwodwi petwolye atravè peyi Dayiti, yon gwoup sitwayen melanje ak notab byen deside nan vil Pòdpè, manifeste pasifikman kont desizyon tèt chat mouche leta pran madi 7 desanm 2021 an byen bone nan maten.

Konsa, jodi jedi 9 desanm 2021 an, li te vè 7 tè nan maten, sosyete sivil ak plizyè lòt sitwayen angaje tankou : Daniel Loriston, Francisque Jean Charles tanmen manifeste pasifikman devan sikisal bank nasyonal kredi (BNC) nan site Kapwà Lamò a.

nan yon seri gwo slogan yo tap lanse, manifestan yo fè konnen ogmante pri gaz la, se ogmante mizè lakay sa ki pi ba yo tankou (machann Sara, ti antrepriz yo e latriye). Se kreye egalman panik, estrès ak fwoustrasyon lakay popilasyon an ki deja lage 2 bwa balanse. Sa se plis yon krim, dapwè yon seri pawòl piman bouk manifestan yon tap lanse.

N ap raple w, minis planifikasyon an, Ricard Pierre te deklare piblikman, mouche leta pran desizyon sa nan lide pou kreye lekòl, konstriksyon wout, lopital e latriye. Aloske sou prezidans Jovenel Moise la, Ricard Pierre te youn nan opozan ki te tire pye, pran wout lapwès pou montre dezakò li ak ogmantasyon pwodwi petwolye yo.

Comments are closed.