Sou ro patwonay, Bank Repiblik Dayiti (BRH) ak anbasad Swis, 3 jounen kolòk realize ak chèf antrepriz agrikòl yo nan Jeremi

774

09 – 16 – 2023
Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan objektif pou ranfòse kapasite pwodiksyon agrikòl la, agrikiltè yo , ak sila yo ki vèse nan domèn transfòmasyon agwikòl, reyalize yon gwo sòlòkòtò agwikòl nan Jeremi.

Kòlòk sila, ki te jwen konplisite direksyon jeneral bank kredi agwikòl lan, ministè agwikilti ak resous natirèl e devlopman riral, BRH, san konte jarèt peyi Laswis, pwojè AVETI-CECI, yo tout te pote kole nan yon parèy chita tande ki te dire 3 jou.

Pou direktè jeneral BCA a, Dieuvet Michel, objektif 3 jounen kòlòk la, se pèmèt agwikiltè yo nan depatman Grandans lan jwenn bonjan enfòmasyon grese sere ki chita sou pwete lajan ak sibvansyon pou fasilite pwodiksyon plis manje.

Comments are closed.