Yon nouvo kowòt UDMO gradye nan Site Kapwa Lamò a, jounen vandredi 15 septanm 2023 a.

818

09-16-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan prezans plizyè gwo zotobre nan depatman Nòdwès la, direktè depatmantal polis branch Nòdwès la, Clevens Cetoute, pwosede ak seremoni gradyasyon anviwon 25 ajan UDMO nan Site Kapwa Lamò a, patikilyèman nan lokal prizon sivil Pòdpè a.

Pami 25 ajan UDMO sa yo, genyen 23 gason ak 2 fanm ki deja pare pou mete abilite an disponiblite, epi fè fas kare ak fenomèn ensekirite a.

Pou direktè depatmantal polis la, Clevens Cetoute ak pòt pawòl polis Nòdwès la, enspektè Leonel Joseph, nouvo eskwad ajan UDMO sa yo, pa dwe janm bliye misyon PNH la, ki se pwoteje byen ak lavi.

Comments are closed.