Nan okazyon 103 lane ekzistans Lopital Sen Antwànn Jeremi an, responsab yo mete sou pye divès aktivite.

228
0
Share:
TRiboLAND

07- 09 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou make 103 lane ekzistans Lopital Sen Antwànn Jeremi an, otorite sanitè yo, nan tèt kole ak sektè òganizasyon nan sosyete sivil Jeremi an, realize yon latriye aktivite pou make jounen espesyàl sila. Daprè direktè medikal la, Dr. Montinord, genyen anpil amelyorasyon ki fèt pou modifye sèvis ou kondisyon sanitè popilasyon an ki sòti nan tout rakwen depatman Grandans lan.

Diferan sektè kite prezan nan gwo sòlòkòtò santenè sila, pat kache kontantman yo fas ak yon parèy akonplisman ki pa òdinè; pèsonalite tankou Chanselye legliz katolik dyosèz Jeremi an, Eusteche Jomanas. Li ekzòte responsab sante yo pou pa imilye pasyan yo kap frekante lopital referans depatmantal lan.

Konsa, pè Eustache nan romeli sikonstans lan, mande otorite sanitè yo pou fè prèv plis sajès ak ospitalite nan fason y’ap resevwa malad yo. Li rapouswiv pou di, ke lopital Sen Antwànn Jeremi pa dwe yon lye kap rann malad yo vinn pi malad.

Nap raple, enstitisyon medikal Grandans lan se yon pyonye nan delivre sèvis e yon referans nan pran swen moun ki pa gaya. Lopital Sen Antwànn konstwi depi lane 1923.

Share:

Leave a reply