Laurore Moise jwen arestasyon li nan yon otèl nan vil Wanament

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Li genyen apeprè 61 rekòt sou tèt li, Laurore Moise jwen arestasyon li nan yon otèl nan vil Wanament jounen lendi 24 fevriye 2025 lan.
Enfòmasyon lapolis yo vle fè kwè, Moise te kazène tèt li anndan otèl la pandan 15 jou, alòske se lòt moun deyò ki tap pote manje pou li nan chanm li. Antouka, denonsyasyon ta fasilite lapolis entèvni nan otèl la e pwosede ak arestasyon Laurore Moise.
Fòs lòd yo ta jwenn sou annafè a, plizyè ti sachè marigwanan ak fèy tabak seche nan yon sachè mare. Moise se yon natif vil Okap Ayisyen. Yo jwenn sou li yon sètifika rezidans ke tribinal Depè komin Labadè te delivre li nan dat 3 novanm 2023 ki ta sètifye ke li genyen plis ke 4 lane depi ke li reside nan depatman Plato Santral peyi a.
Antouka, lapolis antreprann yon ankèt san pèdi tan, pou boske rezon ki esplike Laurore fèmen nan yon otèl nan Wanament ap manje e fimen briganday san mete tèt deyò.






