Yon gwo aktivite “sèkaj dantè” rive reyalize nan vil Wanament nan klinik OCMC

708

Nan lide pou satisfè kliyan li yo, Ouanaminthe Community Medical center (OCMC) kontinye travay pou popilasyon an sispann antre Sendomeng al chèche sèvis.

08-06-2023

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak lapwès ke Doktè Manigat fè jounen dimanch maten 6 dawout 2023 a, anonse yon ansanm sèvis nan odontoloji tankou pwofilaksi, detrakaj, ekstrasyon senp, chirijikal, restorasyon, alonjman kanal, pansman ak radiographie dentaire .

Pasyan yo pa sispann temwanye satisfaction yo pou bon sèvis klinik OCMC ap bay nan kominote a, sitou lè n konsidere kantite vi moun li sove dènye moman sa yo.

PDG Manigat, mande popilasyon an pou kontinye fè klinik la konfyans paske yo fè diferans la deja nan kominote a, sitou nan kesyon sezaryèn, operasyon ak mete zo ki kase nan plas yo.

Nap raple se pou premye fwa yon gwo aktivite sòlòkòtò “sèkaj dentè” rive fèt nan depatman Nòdès la, atravè yon klinik referansye, OCMC.

Comments are closed.