Solidarite Layik remèt kle 25 lekòl bay direktè 3 depatman Gran Sid lan.

41

09 -15 – 2023

Jeremi, Ayiti- (TRiboLAND ) Jounen vandredi 15 septanm 2023 a, nan kad yon seremoni ki te òganize nan lekòl nasyonal Nimero 2 a. Ministè edikasyon nasyonal ak Solidarite Layik, delivre kle 25 lekòl bay direktè lekòk depatman Nip, Sid, ak Grandans.

Daprè direktè Solidarite Layik la pou Karayib lan, Junior Mercier ki te akonpaye yonn nan manm kabinèt minis edikasyon nasyonal lan, Nesmy Manigat, pwofesè Auguste Demeza. Reyabilitasyon ak konstriksyon 25 lekòl sa yo, koute senk milyon e kèk ewo.

Toujou daprè responsab yo, se ajans fransèz devlopman entènasyonal, atravè anbasad yo ki finanse pwojè lekòk pou pwomote chanjman sosyal an Ayiti; sa antre nan kad repons pòs-katastròf natirèl yo ,soti ane 2020 – 2023.

Comments are closed.