Peyizàn e peyizan yo ak Timachan’n inogire yon mache nan lokalite Dano 4èm seksyon Fontarabie kominal Tigwav.

09 – 21 – 2024
Tigwav, Ayiti ______(TRiboLAND) Peyizàn e peyizan yo ak Timachan’n yo pwosede ak inogirasyon yon mache tou nèf samdi 21 septanm 2024 la, nan lokalite Dano 4èm seksyon Fontarabie kominal Tigwav. Se yon gwo anbyans ki arive fèt an prezans sekretè katèl kazèk la, pè, pastè ak lòt peyizan ki te soti nan divès lòt seksyon pou vin ‘n asiste seremoni inogirasyon sila a.
Selon kèk Timachn’n, desizyon ki pran pou mete kanpe mache Dano, se nan lide pou amelyore soufrans yo. Ti detayan yo, peyizàn yo presize chak fwa pou yo al van ‘n pwowi danre yo ni pou yo al achte lòt pwodwi nan mache tankou, sik, diri, sèl, lwil, savon ak fab elatriye…nan gran mache kominal Tigwav la, se tèt chaje. Yo oblije mache plis pase 30 kilomèt; sepandan pa menm genyen wout mete sa lè lapli tonbe menm se pa pale.
Nan sans sa a, Ti machan’n yo mande ankadreman bò kote leta lokal Tigwav ak santral e kèk ONG nan entènasyonal la. Yo espere nan yon ti tan ki pa two lwen konsène yo pral konstwi kay pou yo pare tèt yo ak pwodwi yo anba lapli, van ak solèy.







Merci pour les informations
Tribolend port de paix MST
félicitations
Triboland latòti montri
Mèsi staff Triboland lan pou enfo yo.
Fondasyon triboland nan Wo Moustik Byari
Elinès Vincent
Bon bagay la se triboland
La toti fonkiyèz
Sa byen bon pou popilasyon an.
Triboland Mombin-Crochu
Sa byen bon pou popilasyon an.
Triboland Mombin-Crochu
poukisa yo inyore mache a
triboland latoti fonkiyez