porasyon jounalis Tigwav, rann fanmi jounalis Marie Guyrlène Justin vizit, ki desede nan komin Gran Gwav.

101

09-15-2023

Gran Gwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Mèt Eugène Raymond nan tèt yon delegasyon akonpaye plizyè jounalis pami yo, Dieudonné Délice, Zicout Makendy, Benoit Baptichon, e Anel Joseph rann fanmiy jounalis responsab Rezo Fanm an Aksyon (REFRAKA), Marie Guyrlène Justin vizit, ki te rann dènye soupi li.

Vizit sa a, reyalize jounen vandredi 15 sektanm 2023 a, nan komin Gran Gwav.

Kiyès Guerline Justin te ye? Guerline Justin se yon jounalis, yon fanm vanyant, responsab Rezon Fanm an Aksyon (REFRAKA); li te yon prezantatris emisyon REFRAKA magazin rezo fanm, yon fòmatris ki fòme divès jènn fanm ak gason nan domèn journalis ou radyo divizyon nan komin Gran Gwav.

Radyo kominotè yo nan peyi a, espesyalman komin Gran Gwav pran yon gwo kou, lè li pèdi yon gwo fanm nan dimansyon Guyrlène Justin.

Nap raple, jounalis, responsab REFRAKA a, Marie Guyrlène Justin mouri san li pat malad, madi 12 sektanm 2023 pase nan vil Gran Gwav, li te genyen 50 lane.

Comments are closed.